Boston (108) - Verifye elijiblite moun ki depann de ou a

Klike oswa tape sou lang ou prefere a pou kòmanse

Antanke fon sante sendika ou a, nou fè tout sa nou kapab pou pwoteje lajan patwon ou mete sou kote pou depans swen sante ou. Pou ede diminye depans yo, nou asosye ak SISCO, yon konpayi endepandan ki sèvi kòm yon twazyèm pati net epi ki gen eksperyans nan sèvis avantaj yo, pou fè yon odit elijiblite.

Nou vle asire ke sèlman moun ki elijib e ki depann de ou ap itilize lajan fon sante ou pou peye bòdwo medikal yo.

 AKSYON OBLIGATWA:

SISCO te voye yon pakè ba ou ki gen kòd ID Odit inik ou.

Ou pral bezwen kòd sa a pou soumèt dokiman prèv pou moun ki depann de ou anvan vandredi 23 janvye 2026. Sinon, kouvèti swen sante (asirans) pou moun ki depann de ou yo ka fini 1ye fevriye 2026.

 Kesyon?

Si ou bezwen kòd ID Odit ou a oswa asistans pou soumèt dokiman yo, kontakte SISCO dirèkteman:

(833) 560-8255
Lendi–Jedi: 8è dimaten – 8è diswa (Lè Lès)
Vandredi: 8è dimaten – 5è diswa (Lè Lès))